Union des odontologues en action U O A

Union des odontologues en action U O A des volontaires

12/01/2023
01/01/2020

Happy New Year everybody

Bon dimanche   #  #Prenez soin De votre sourire.Si vous souhaitez etre en bonne sante, Prenez soin De vos dents avant to...
14/10/2019

Bon dimanche
#
#
Prenez soin De votre sourire.
Si vous souhaitez etre en bonne sante, Prenez soin De vos dents avant tout!!!!
Feliz Domingo a todos
.O.Apourtoujours #👆👆❤💋

08/05/2019

Nou salye tout moun kap swiv page la et nou chwazi pote ti konsey swen bouch sa yo pou ou maten an

26/04/2019

Bon weekend à tous(UOA)

Lone ak respe pou chak grenn nan nou kap swiv paj la. Jodia paj UOA a pote pou ou yon atik instriktif ki pale de: tetinn...
28/02/2019

Lone ak respe pou chak grenn nan nou kap swiv paj la.
Jodia paj UOA a pote pou ou yon atik instriktif ki pale de: tetinn, ki se yon materyel ke anpil nan nou t konn itilize le nou te nan kouchet.


Kisa Tetinn lan ye egzakteman?

Anpil moun toujou di: kriye se premye aksyon ke tout moun fe nan vi yo, paske kou ti bebe a fet li kriye, apre yo metel nan tete poul s***e.
Pakont, anpil etid syantifik demontre ke olye de kriye, se s***e ki premye aksyon et imen an, paske avan menm ti bebe a fet, anpil sonografi konn montre fetis la andan vant manman an ak dwet pous li nan andan bouch li.

kidonk s***e, se premye reflex ine ke nou posede nan nou menm antanke lom.

Apre nesans, li pesiste pandan plizye lane kay anpil timoun, ke anpil paran vin wel kom yon nesesite, sitou le timoun lan ap kriye, paran yo toujou gen tandans mete tetinn nan bouch ti bebe a, ki se yon materyel palstik ki fet pou adapte ak fom kavite bikal la ke ti bebe a s***e e ki kalme li , li impotan anpil pou bebe a egzese reflex s***e li paske sa favorize li yon bon matirasyon psichik .


Gen 2 tip de sison:

1) sison nitritiv: ki sibdivize an:
a) Tete manman, (sison natirel)

b) sa nou rele bibon sou non komesyal li. (sison atifisyel)

2) Sison non nitritif: Sa nou rele tetinn sou non komesyal li. (sison atifisyel)



Ki avantage ak inkonvenyan li genyen?

Avantaj:

Pedyat yo fe konin ke Psikolojikman bebe a bezwen tetin lan , paske sa pote ba li anpil plezi ak detant gras avek andomofinn ki se omonn di byen et ki sekrete nan moman timoun lan ap s***e a, se yon bon mwayen pou redwi stres ak eneveman lakay ti bebe a.
Tetinn lan jwe yon gwo wol nan kalite somey la tou, pou sa bebe a gen tandans tou domi pandan lap s***e tetinn lan, anplis, li ofril yon sansasyon de sekirite , sepandan li rekomande pou byen li instriksyon ki sou po a epi asurew ke li fabrike avek materiel ki pa nosif avan ou achtel pou ti bebe a, e nan ka kote li ta prezante ninpot repons alejik andan bouch bebe a, konsilte imediatman yon odontopedyat (odontolog ki spesyalize nan tretman pasyan anfantiy)

Inkonvenyan:

Si pou pedyat yo tetinn se yon bon zouti, enben pou Otodontis yo (odontolog ki spesyalize nan koreksyon pwofil fasyal, posizyon nomal dan ak koreksyon zo maksilye e mandibil) Se yon aparey ki gen yon konsekans nefas e dirab sou avni dentisyon timoun lan e sitou sou respirasyon nazal li.
Selon ekspe otodontis e chirijyen maksilo-fasyal:
Dr. Jean Baptiste Kebrat, tout sa ki antre nan bouch nourison an pral gen yon inpak sou devlopman strikti fasyal ak dante li, inpotans inpak sa pral depan en fonksyon de prekosite ak le introdiksyon bikal la t komanse, e sitou frekans avek dire ke nourison an te ekspoze avek li.

Fas palatine lan ke nou t ka dekri an kreyol tet kavite bikal la, li tre maleyab nan laj sa yo, e ninpot aparey ki ta vin egzese ninpot feb presyon de manye regilye sou li, sifi pou modifye fason lap devlope a.

Depiw nan mete tetine nan bouch timoun lan lap kreye yon trou nan liy anterye nan premye dan li yo, li pral chanje fom nomal maksile a ki se en fom anomal ki se kapral tou defome pwofil fasyal la, defomasyon sa pral anpeche mizanplas dantisyon korek la paske longe akad la vin redwi e provoke dezod au nivo biko-dante, ki vin kreye sa otodontis yo rele nan lang pa yo: defomasyon pefil fasyal.

Le timoun lan t ekspoze a tetinn lan de manye prolonje, li pwovoke pwoblem segonde au nivo lang lan tou, men se le timoun lan pral pran laj 6,7an, li bay problem sonorite le timoun lan ap pale, epi tou provoke problem le lap vale manje ou likid.

Kom konsekans siplemate, alterasyon devlopman zo maksile a ka rive menm bouche fos nazal la, sa ki pral favorize gwo maladi intenn, pi spesifikman nan sistem respiratwa.

Poukisa lot sison yo (bibon, ak tete manman) pa pwovoke menm pwoblem ak Tetinn lan?

Tete manman an se yon sison natirel, ki fet pou sa menm ( pou bebe a s***e) daye nou pap janm ka konpare tete a ki posede yon souples nomal antanke po moun, avek plastik ki nan tet sison an.

Nan ka pa bibon an ki se yon sison nitritiv, e ki se toujou yon plastik, menm jan ak tetinn lan, li pa pwovoke problem sa yo akoz bibon an pa expoze konstaman nan bouch bebe a, tandike tetinn lan li men akoz wol prinsipal li se kalme ne, ak stress kay bebe a koz li vin gen yon itilizasyon konstan e prolonje andan kavite bikal la, e pi souvan li konn indispansab kay bebe ki pi rechinya yo. Se itilizasyon prolonje sa ki vin provoke tout dega sa yo nan dentisyon an ak nan devlopman zo a.

Konsey pou kek paran:

*pa gen diferans an s***e dwet ak s***e tetinn, menm jan anpil paran konn fe, yo retire dwet la nan bouch bebe a, yo mete tetinn, tecknik sa pa abouti ak okinn rezilta, se lave men siye ate. Paske s***e dwet la pwovoke menm problem ak s***e tetinn lan.

* Sa ki impotan se pa fose timoun lan poul jete abitit la briskeman, bal tann pou liberel de sa sitou avek anpil atansyon ou , epi aprann abityel ak lot metod poul chase stres li.

Ote teks la:
Jacquet Fredelender Evarnesky
(Etidyan medsinn dante)

Bibliyografi:
Liv espanyol: Odontopediatria
Dra. E. Barberia Leache
Dr. Catala Pizzarro

Liv espanyol: Reabilitacion bucal en odontopediatria:
Dr. Antonio Carlos Gucers-Pinto

Atik syantifik pibliye pa:
Dr. Jean Baptiste Kebrat
(otodontis e chirijyen maxilo-fasyal)

Gwoup: UOA.

06/02/2019

U.O.A

des volontaires

Une célébration c’est comme une fleur, ça ne dure que quelques heures. Mais ça laisse dans le coeur un souvenir que rien...
21/01/2019

Une célébration c’est comme une fleur, ça ne dure que quelques heures. Mais ça laisse dans le coeur un souvenir que rien ne peut ternir ! Tout ce que tu veux pour ta fête et bien plus encore UOA te le souhaite. Joyeux Anniversaire !

Dirección

Santiago
51000

Página web

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Union des odontologues en action U O A publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Contacto La Consulta Dental

Enviar un mensaje a Union des odontologues en action U O A:

Compartir

Categoría