07/14/2025
Fè kob sou Facebook fasil.
16$us san travay plis reg restriction.
Li sa byen poun konprann 👇👇👇
Men kijan sa fèt pou yon peyi ka éligib pou monetizasyon, epi yon lòt pa éligib — Nou toujou ap poze Kesyon sa An konprann li Jodia Moun Ayiti’m yo:
🔹 1. Disponibilite platfòm lan nan peyi a
Gen platfòm tankou YouTube, Facebook, TikTok ki pa ofisyèlman disponib oswa pa fonksyone alèz nan tout peyi yo. Si platfòm lan pa lanse sèvis monetizasyon li yo nan peyi a, ou pap ka fè lajan sou li.
🔹 2. Pwogram monetizasyon yo pa ouvè tout kote
Chak platfòm gen pwogram monetizasyon pa yo. Pa egzanp:
• YouTube gen AdSense
• Facebook gen In-stream ads
• TikTok gen Creator Fund
Men pwogram sa yo pa fonksyone nan tout peyi, paske yo chwazi kote ki gen plis potansyèl (pi bon koneksyon, plis moun, plis piblisite…).
🔹 3. Lwa peyi a
Gen kèk peyi ki gen regleman strik sou lajan, piblisite oswa revni sou entènèt. Si lwa peyi a pa pèmèt platfòm lan fonksyone lib, yo pap pèmèt monetizasyon la.
🔹 4. Metòd pou peye ou
Pou w touche lajan sou entènèt, fòk platfòm lan ka voye ou kòb — pa egzanp atravè:
• PayPal
• Payoneer
• Transfè labank
Si platfòm lan pa ka voye lajan bay moun nan peyi ou, ou pa ka monetize.
🔹 5. Mache piblisite a
Platfòm yo fè lajan ak piblisite. Si nan peyi ou pa gen anpil konpayi ki mete piblisite sou rezo sa yo, sa vle di pa gen ase kòb ki ap sikile, donk yo pa ouvè monetizasyon.
✅ Egzanp:
• YouTube pa pèmèt monetizasyon nan tout peyi. Ou dwe soti nan yon peyi ki sou lis yo.
• Facebook pèmèt monetizasyon In-stream Ads sèlman nan peyi ki sou lis ofisyèl yo.
Kredi teks la se pou Bervansky